Tire Lèt Ou
Travay, lekòl, oswa menm yon fim byen ta nan aswè ka oblije fè w rete lwen ti bebe w la. Sa pa vle di ou oblije sispann bay tete pou sa a. Sa ki ideyal la se bay ti bebe w la tete. Si ou oblije rele lwen ti bebe w la, ou ka tire lèt nan tete w. Pale ak founisè swen sante w la sou pi bon fason pou w bay ti bebe w la lèt ou tire sot nan tete w la. Men sonje, pa bay ti bebe w la bibwon ni sison toutotan li pa ko gen anviwon 4 a 6 semèn, sof si li nesesè pou w ba li l pi bonè akoz rezon medikal. Sa ap ede nou tou de byen demare alètman an. Ti bebe w la ka fin abitye ak pwent tete natirèl ou anvan.
Toujou lave men w anvan ou tire lèt nan tete w.
Estimile lèt la pou l koule
-
Mouye yon ti sèvyèt nan dlo cho epi tòde l.
-
Pase yon ti sèvyèt cho sou chak tete pou w chofe yo.
-
Mase tete w tou dousman pou w fè lèt la koule.
-
Kòmanse anba bra a epi deplase l sou tout tete a.
-
Itilize do zong ou pou w grate po tete a tou dousman soti anlè tete w ale nan pwent tete w.
-
Si w lwen ti bebe w la, gade foto ti bebe w la ka ede lèt la desann.
Tire lèt alamen oswa a ponp
Konsiltan laktasyon w lan ka ede w chwazi pi bon metòd ki reponn a bezwen w yo. Men kèk ti konsèy:
-
Tire lèt alamen diminye presyon ki fèt sou tete ki anfle oswa k ap koule. Li ka yon bon fason pou w kòmanse yon seyans ponpaj. Si w nan nesesite pou w tire lèt pou w bay ti bebe w la pandan premye jou apre akouchman yo, fè l alamen paske sa a souvan pèmèt ou jwenn plis kolostwòm pase w lè w ap itilize yon ponp. Mande enfimyè w la oswa fanmchay la pou l montre w ki jan pou w tire lèt alamen.
-
Kòmanse tire lèt la 6 èdtan apre ou fin separe ak ti bebe w la nan lopital la.
-
Lè w separe ak ti bebe w la, li pi bon pou w tire lèt la pandan menm kantite fwa ak menm kantite tan ti bebe a t ap fè a si se li ki t ap tete. Ti bebe ki fèk fèt yo manje 8 a 12 fwa chak 24 èdtan.
-
Ponp la rale lèt la nan pwent tete w tou dousman lage nan tas la tankou yon ti bebe k ap tete epi se kapab fason ki pi rapid pou w tire lèt ou apre lèt ou fin desann. Ponp yo vini nan estil manyèl, ak pil epi elektrik. Pou w pwoteje tete w ak tout lèt w ap ponpe a, suiv enstriksyon ki vini ak ponp ou a.
-
Pou tibebe ki malad oswa ki prematire ki pa tete yo, "ponpaj mànyèl" la se yon fason espesyal pou w asire w ou pwodwi ase lèt. Ponpaj mànyèl la se konbine ponpaj alamen an avèk yon ponp elektrik.
-
Tire alamen pandan w ap itilize yon ponp ka ogmante kantite lèt ou ka ponpe a. Li kapab tou ogmante kantite grès lèt ou ponpe a genyen.
-
Jeneralman ou ka achte oswa lwe yon ponp nan yon famasi oswa nan yon magazen materyèl medikal. Verifye nan lopital ou a pou w konnen ki kote ou ka achte oswa lwe yon ponp.
 |
Tire lèt alamen |
 |
Tire lèt ak ponp doub |
Travay epi bay tete
-
Bay ti bebe w la tete tout tan pandan konje matènite w la. Sa ap ede pwodwi lèt pou tout àne a.
-
Lè ti bebe w la gen apeprè 2 semèn, kòmanse ponpe lèt ou apre ou fin ba l tete. Ou ka friz lèt sa ou tire a. Sa ap ede w pou w ka fè rezèv lè w retounen nan travay. Bay tete epi fè ponpaj ap ede tete w fè plis lèt. Sa ki ideyal la se bay ti bebe w la tete. Si ou oblije rele lwen ti bebe w la, ou ka tire lèt nan tete w. Pale ak founisè swen sante w la sou pi bon fason pou w bay ti bebe w la lèt ou tire sot nan tete w la.
-
Tire lèt ou lè w nan poz nan travay ou. Sa pèmèt ou pwoteje pwodiksyon lèt ou. Li ede w fè prevansyon kont tete ki twò plen epi k ap koule.
-
Aranje w pou bay tete nan poz midi a si gadri a toupre avè w. Si se pa sa, ponpe lèt ou pandan poz midi w la.
-
Bay tete anvan w al travay epi tousuit apre ou retounen lakay ou. Patnè w la ka fè manje a pandan w ap bay ti bebe a tete a.
-
Bay tete lè swa ak lè wikenn. Sa ap ede w pwoteje pwodiksyon lèt ou. Pale ak founisè swen sante w la sou pi bon fason pou w bay ti bebe w la lèt ou tire sot nan tete w la.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.